IMG_1378-JPLICKS-hires-cropped.jpg

Ruthzee Louijeune se yon avoka ak yon defansè nan kesyon lojman ki candida pou Boston City Council At-Large. Li se yon natif natal Boston (Mattapan & Hyde Park) e pitit fi imigran klas ouvriye Ayisyen. Ruthzee te travay sou kesyon ki pi enpòtan pou klas ouvriye a tankou lojman abòdab, ekite ak ekselans nan edikasyon, jistis rasyal, ak dwa vòt. Ruthzee kwè ke yo ta dwe aplike jistis klimatik nan City Hall pou nou ka rive batay kont kriz ekzistansyèl sa ki se chanjman klimatik nan mond lan.

Louijeune-family.jpg

Antanke avoka, Ruthzee te reprezante anpil fanmi nan fè fas a degèpisman nan Boston Housing court, li te travay sou ka rasyal yo rele “gerrymandering” ki te ale devan Tribinal Siprèm Etazini an, e li te sèvi kòm avoka Senatè Warren nan kanpay sena ak prezidansyèl li yo. Dènyèman, li te ede yon ONG jwenn $10 milyon dola finansman pou sipòte travay yo nan kesyon redui diferans richès pwopriyetè tout kalte ras – yon travay modèl pou vil la, eta a, e menm lejislasyon nasyonal la.

Ruthzee kandida poul ka travay sou:

LOJMAN

Fè lojman ak achte kay pi abòdab pou fanmi klas ouvriye Boston, nan ba yo resous epi itilize tè nan vil la pou bati kay. Nou bezwen ankouraje pri lwaye abòdab nan men devlopè yo. Nou bezwen tou ede kominote yo posede tè atravè sa yo rele “community land trusts”. Nou bezwen yo bati plis lojman, espesyalman tou pre arè MBTA yo.

ANVIRONNMAN

Nou bezwen plis pak ak espas vèt nan katye nou yo. Nou bezwen goumen kont chanjman klima pandan nap amelyore bilding nou yo, plante plis pye bwa, epi kreye plis enfrastrikti kap pwoteje vil nou an.

SEKIRITE PIBLIK

Lari nou yo dwe gen sekirite pou tout moun. Sa vle di envesti nan estabilize kominote a ak ONG nan kominote nou yo pou redui vyolans. Sa vle di tou pou gen plis responsablite ak transparans nan lapolis la.

 

EDIKASYON

Amelyore lekòl nou yo pou yo ka gen lidè lekòl ki pi fò, anboche plis konseye pedagojik, ak ogmante opsyon pre-jadendanfan inivèsèl yo. Nou bezwen plis sipò pou elèv nou yo ak fanmi kap aprann anglè. Nou bezwen tou pou gen plis opotinite pou travay ki byen peye ak kolèj apre lekòl klasik.

 

TI BIZNIS

Nou bezwen sipòte ti biznis nou yo, anpil nan yo ki ap soufri pandan pandemi sa a. Nou dwe ede yo aplike pou sibvansyon ak asistans epi ede yo jwenn kontra avèk meri a. Biznis imigran yo, biznis moun ki pa blan yo, ak biznis fanm yo, souvan pa jwenn yon pati ki jis nan kontra vil yo epi yo pa jwenn èd yo bezwen an.

PATISIPASYON SIVIK

Tout moun merite yon vwa nan gouvènman vil nou an. Nou bezwen rann li pi fasil pou tande vwa kominote yo ak pou leve vwa moun yo souvan inyore yo. Nou bezwen tou rann vote pi fasil pou tout moun.

 
E81NHcTWUAAOn3i.jpeg

Ruthzee kandida pou reponn ak ijans moman sa a, pou asire fanmi klas ouvriye Boston yo ka patisipe nan pwosperite vil la, epi batay pou yon bidjè vil la ki ap ka reponn ak bezwen e demann rezidan li yo. Ruthzee ap batay tou pou yon gouvènman ki ale jwenn tout moun kote yo ye a, delivre sèvis vil la epi reponn ak tout pwoblèm ke elektè yo rankontre. Ruthzee kwè nan yon lidèchip ki oryante ak rezidan yo epi li pral fe yon patenarya ak lidè kominote yo ak òganizasyon ki deja ap fè travay sa, pou bati yon vil ki pi bon, pi enklizif, pi ekitab, ak pi prospè.

ruthzee-high-school.jpg

Ruthzee gradye nan Lekòl Piblik Boston, Inivèsite Columbia, Harvard Kennedy School of Government, ak Harvard Law School. Kandidati li a istorik: li ap premye Ayisyen-Ameriken ki eli pou reprezante tout vil Boston nan. Li pale kreyòl Ayisyen ak Franse epi li ka konvèse an Panyòl.

Kanpay Ruthzee te andose pa Senatè Ameriken Elizabeth Warren, Senatè Eta Sonia Chang-Diaz, Reprezantan Eta Liz Miranda, Ansyen Depite Marie St Fleur, "Register of Probate" Felix Arroyo ak Konsèye Vil Ricardo Arroyo. Ansanm avek Jij retrete Leslie Harris, avoka kominote Symone Crawford, sendika lokal Ponpye yo, Inyon Pwofesè Boston, ak Asosyasyon Enfimyè Massachusetts, ak anpil lòt ankò. Kanpay li rive kolekte $ 50,000 nan premye 24 èdtan li, sa se yon gwo rekò nan vil la pou yon moun ki kandida pou premye fwa. Li te premye kandida ki rive gen anpil moun kolekte ase siyati pou sètifye li pou bilten vòt la. Li vle travay pou fanmi klas ouvriye tankou ou! Tanpri vote pou li komanse 14 septanm rive 2 novanm!